Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
L'Angle

Réflexions diverses, sensibilisation, éducation, vulgarisation, partage, débats, humours etc...

Ambassadeur culturel (1ère partie)

 

M PA DAKÒ

Joseph Daniel Duverseau

Mwen li tèks ou a avèk anpil swen e m kontan wè gen kèk grenn ayisyen toujou ki kwè nan valè moun (pou moun li ye). Wi nan endistri mizik ayisyen an (HMI, menmsi mo faktori tap pi apwopriye) se Tony Mix ki pi popilè kòm DJ, pa gen manti nan sa. Tony se yon otantik pitit kafou e li fè anpil zèv nan komin li. Pèsonn pa pafè e nou pa dwe jije moun sou pase yo ni nou pa dwe gade yon sèl bagay yon moun fè poun di men sa li vo.

Kounya ann pale sou mizik rabòday la. Nap pale sou enpak sosyal mizik sa. Ni li, ni Tony (kòm DJ) gen yon kategori sosyal byen defini kòm piblik. Yo rele tèt yo "Bredjenn/ Ti blòdè" (se pa sèl yo ki piblik Dj yo men yo prèske 95%). Kategori jèn ak adolesan sa yo aji nenpòt kòman. Paske menm jan ak ni mwen ni ou, yo gen pwoblèm avèk sistèm sosyal sa yo fèt ladann nan. Yo pa dakò ak prensip sistèm nan e youn nan slogan yo pi renmen se : blòdè pa gen prensip !!! Ou byen plase pouw konnen, mantalite bredjenn nan sòti dwat dirèk nan mantalite yon kategori sosyal nan peyi Jamayik ki rele tèt yo : les sans système. YO DI YAP CHOKE SISTÈM SOSYAL LA. Yo dedye vi yo pou banbòch ak vyolans. Èske nou ka ofri sa kòm repons a sistèm nou fèt ladann ke nou vle pou chanje a ???

Premye vokasyon mizik se divètisman anplis mizik se youn nan pi bon mwayen pou fè pwomosyon lakilti. Si atis kap fè mizik la pa chwazi jwe mizik peyi li, li gen obligasyon moral poul pa kraze li non plis. Fòs ak nanm sosyete nou an se "Manman Vanyan yo". Manman pam, Manman paw e Manman Tony Mahotière. Fanm se sib prensipal atis la nan mizik li yo, nan slogan li yo sòti nan : "fè wanna mache" pase pran "lajan blòdè pa pou okipe fanm". Slogan Tony yo vin ranfòse detèminasyon brejenn yo pou aji mal. E m pa kwè okenn nan nou ap fyè si nou ta aprann ke lè manman nou te nan ventèn li, li te yon "dènye lè". Map pwofite souliye FRESH'LA KING RABÒDAY, choke sansibilite sistèm nan tou, men se yon lòt mesaj.

Èske èv sosyal Tony yo ka rive limite katastròf sosyal mizik ak slogan li yo fè a ???? Kidonk wi map rele byen fò poum di : M PA DAKÒ !!!

M pa dakò pou Tony anbasadè kiltirèl nan Kafou, paske li se yon jèn gason kap devalorize fanm, kap ankouraje jenès la nan banbòch.

Ambassadeur culturel (1ère partie)
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article